Jenès lakou Lauture

 Jenès lakou lauture

Kiyès moun nan Lauture ki pa konn mizè 

Oui mizè machann fig 

Fig mizè yo te toujou bon

Maten an mw leve m pa wè grann mwen ,manmanm,gran papam ,kouzenm ,frèm,sèm ki ret nan kay la epi se yè nou tap ri ansanm lakay la ,

M benyen m pa menm jwenn te a epi kafe aprè, m ret devan lkay la map tann nèg yo vinn jwe mab ,pa janm wè yo ,ki tout nouvo kay sa yo ,ak pil enkoni sa yo ,kom mw poko manje map tann Rose Marie ak bourèt li kap  pase vann mw pen ak manba mp gde anwo ,mp gade anba pa janm wèl ,ebyen banm tann WAYA  pase ak AKASAN AU SIRO a kote Waya pa wèl,banm rive nan jaden ka midwen ak sou do yo ma jwenn on bgay poum manje,pa gen menm rout poum pase preske pedi zòn nan etranj,kot pye zorany konmen an apa se kay sou kay pa menm wè nèg kap moute kap yo non .Banm desanm kot Enòk la map jwenn kèk bèt anba kay yo,pa gen rout poum al anba oblije pase su lari,apa tout tè enòk yo se kay pou moun rete ki gen su yo ,bon e yè nèg yo tann kay zotolan nan jaden an .

Gen on grangou ki pikem banm rive bo Bak Anina menm on bonbon 2 goud ma achte ,rive pa wè Anina e yè mw achte pou 1 goud nan menl ,m poko peyel ,fom jwenn Anina .pks chak kotem pase m wè on grup jèn chita ak telefon yo(wifi).

Sanble e reve map reve .

M pa wè moun mw te konn rele mant yo non 

E moun mw te konn rele Ton yo 

Mant entèl

Ton entèl 

Banm fon pase bo teren an poum wè si nèg yo ap jwe ,pam pa wè okenn moun yo genlè tou al fè lago ,kot nèg ki t farouchè anpil yo ,kp fè abi,fè timoun kriye yo,kote pil rapè ak group rap yo ,,te vle pase bo vetivè a poum gde si yo nn lgo a pa jwenn wout 

Banm tounen lkay apa e kèk moun ki la .

Banm al achte on ti fritay kot Karol la depim maten pa pran anyen ....An ok mèsi Bondye mant karol fri jodia ...Men se sèl 5 goud mw genyen 

Map achte 2 goud lam 1 goud marinad 1 goud bannann ,1 goud vyann 

Mande achte yo mant karol jourem byen joure e se lè sam konprann tan sam te vle a pase nou an 2019 

Se yè tout sa yo pase,

Lavi plizyè jèn mòn loti

Yè ,

Gen kèk bagay mw bliye 

TAN ALE VRE TAN PA TOUNEN 

Jenès Lakou Lauture.





Darley Providence Dida

Commentaires

  1. je suis tout à fait d'accord avec volonté, dévotion, courage avec la collaboration des jeunes on arrivera à changer cette société. Bravo Darley Providence Dida

    RépondreSupprimer
  2. c'est un beau travail, avec beaucoup de leçons. félicitations mon ami

    RépondreSupprimer

Enregistrer un commentaire

Posts les plus consultés de ce blog

Réécrire l'histoire ou créer une histoire

Non sum liber