Tolalito

 Bach kach,chwi chwi,tout yon sel kote.

Tankou yon malfini kap aprivwaze sak pi fèb, 

Yo utilize yo,yo trete yo tankou mèb.

Atò poukisa nan espas sa a, yap aji an bòykote?


Men ki kote? Yon kote ke moun ipokrit fè pil...

Yon kote ki rele legliz poutan yap fè ti pil gwo pil

Sè a abiye chè,li abiye mèg,tout je kale,chwi chwi 

Ou pa bezwen ap toumante,se ou Wi! Legliz ui


Paske ou paka touye l,ou di li se dyab.

Ou wel ap travay,ou di l pran pwen kay dyab

Men alafen kisa ou vle,pouki ou pa ale sou de jenou w?

Mande Bondye pote w lamen,mete sajès nan lavi w.


Y ap mande w rete pòv,pandan yo fin rich. 

Y ap ri avè w san kanpe poutan yo la sou dow yap fè nich.


Bon! Legliz modèn sa a yo,poukisa nou pa fè jèn pito

Olye nou ap plede kritike ti jèn yo.


Ey!Gade! Remèt Bondye lavi w pito tande 

Sispann fè tripotay,al li Labib.

Al Chèche prezans Bondye,la pase avè w tande.


Sispann pale moun mal san rezon,sispann mache kay frè ak sè a pou w al fè fèzè.

Reveye w pou w pa pran nan tranp, sinon w ap toujou Bondye ap pase avèk yo.


             Clérismé Merlinedia

Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

Réécrire l'histoire ou créer une histoire

Non sum liber