Anba syèl ble sa genyen ,anndan kèm gen plis,li gen anpil lanmou pou yon demwazèl ,Lanmou sa depase pli denfini .

Demwazèl sa kèm vle li ,nanm mwen vle li ,lesprim vle li,bram leve poul salye l , Lèl wè li .

Wi,anba syèl ble sa genyen,wap jwenn kote ke ou renmen yon moun,moun nan renmenw tou,men ou obllije ap fè rezistans , kew vlel.,men nan ou menm ou doute ,eske lanmou sa reyèl?

Lanmou vinn reyèl se pa ak yo , lanmou vinn reyèl a travè bizou yo ,kalen yo ,konfidans yo .

Antre nan relasyon amourez ak on moun pa fasil li mande anpil bagay ,men depi de moun deside yap simonte anpil ansanm ,yap venk endiferans ,yap venk twonpri ,yap venk jalouzi.kitew kèw mennen w tou pwòch moun ou renmen an .

Kite tèt ou kondui w nan bra moun ou vle an .M anvi kite tèt mwen kondui m nan bra moun mwen vle a,livre m totalman a li menm ,men pafwa chwa yo konn pa bon,yon lanmou reyè l ,plen sipriz ak abitid ,men ki nan kèk jou piti piti pral disparèt,non m pa ta renmen fini konsa...



Darley Providence 

Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

Réécrire l'histoire ou créer une histoire

Non sum liber