Mythe Haïtien 

Mythe Haïtien

Reyalite on bann 


On dimanch maten m leve m pa jwen anyen poum manje ,manmanm gentan al legliz,em pa konn fè manje m genlè ap mouri grangou .Manmanm pa janm vle kitem grangou ,m pa konn sak pase l ,kom li al priye mp tann ni.

Manmanm vini epi li mete pwa nan dife ,li te 1è lè on zanmil vinn paret ,manmanm kite kizin li ,li ale pale ak moun nan .

Vwazen ,vwazin pa fè sa ,jodi a dimanch se vre ,men fè pam vwazin 

Ui mw konnen jodi dimanch mw diw.

Maten an pase bo etabli a m pa wè vyan ni pwa sou dife a ,kizin nan sanse blanch vwazin ,epi se yè yo touye on kabrit ui .m pa wè kot tout vyann sa ....depi on moun vinn lkay yo ....fò yo bal pil manje ....apa jodi a dimanch ...nou do egare....Vwazin manjew la gen bon sant ui ....vwazin sant manjew la plen vant mw .

Li te de Zè manmanm poko finn pale ,fok mw pase ak lot faz la .

M pa ka voye dlo dèyè moun nan ,ya dim maledve ,kom mw se pitit tè a gran pa te banm on ti sekrè.Leu on moun vinn lkay u ,ou vlel ale men sa pouw fè .

M pral aplike prensip granmoun mw .

M pran on bale ,m vire li tèt anba epi lage twa grenn sèl anndan bale a ,sou nom moun nan ,nan 2 minit moun nan di 

M te vinn poum fè plis tan ...men kounye a fom ale ...

Mesye prensip granmoun nan mache ....epi manmanm tounen nan fè manje a .

Moun nan menm manje li pat ko fè lkay li non ,li vinn radote devan pot kay anm .

M fè l ale 

Sa pa anyen devan janm fè on lougarou kouri kite lkay la


Eske nou kwè sa ka fèt vre ????

(Mythologie Haïtienne)

Commentaires

Enregistrer un commentaire

Posts les plus consultés de ce blog

Réécrire l'histoire ou créer une histoire

Non sum liber